MODÈL BIBLIK LA PATI 11: PLAN BONDYE A POU LIDÈCHIP LEGLIZ LA

Rekipere Lidèchip Biblik Ansyen yo

Imajine yon pastè, poukont li nan biwo li byen ta nan nuit, akable anba pwa bezwen kongregasyon li an—yon ka konsèy difisil, yon gwo desizyon finansye, ak fado sèmon Dimanch k ap vini an, tout repoze sou zepòl li. Presyon sa a ki izole l, ki tèlman kouran nan ministè jodi a, se souvan rezilta yon estrikti legliz ki pa t janm nan plan orijinal Bondye. Nouvo Testaman an ofri yon modèl ki pi sen e ki pi solid pou lidèchip legliz la: yon gwoup plizyè ansyen.

An nou dekouvri baz biblik modèl sa a, defi pou mete l an pratik, ak sajès ki dèyè plan Bondye a.

Sa Bib la Di: Argiman pou gen Plizyè Ansyen

Modèl ki pi klè nan Nouvo Testaman an sèke legliz lokal yo te dirije pa yon gwoup ansyen, pa yon sèl moun.

Yon Sèl Pozisyon, Twa Tèm: Li enpòtan pou nou konprann ke Nouvo Testaman an itilize twa mo prensipal pou dekri menm pozisyon lidèchip legliz la: Ansyen (presbuteros), ki pale de matirite espirityèl; Siveyan (episkopos), ki pale de fonksyon jesyon ak pwoteksyon; epi Pastè (poimēn), ki vle di “bèje” epi ki pale de fonksyon pou pran swen ak nouri. Nou wè tèm sa yo itilize youn pou lòt, pa egzanp, nan Travay 20, kote Pòl rele “ansyen yo” (v. 17) epi li ankouraje yo pou yo “gide” (pran swen tankou bèje) legliz la kòm “siveyan” (v. 28).

Avèk konpreyansyon sa a, prèv biblik pou gen plizyè lidè konsistan:

Pratik Apostolik: Lè Pòl ak Banabas te plante legliz, pratik yo se te pou yo te nome plizyè lidè. Travay 14:23 di, “Nan chak legliz, yo chwazi kèk ansyen pou yo. Apre yo fin fè jèn epi yo fin lapriyè, yo renmèt yo nan men Senyè a, nan ki moun yo te mete konfyans yo.” Remake pliryèl “ansyen” pou chak legliz endividyèl.

Lidèchip Legliz Etabli: Lè Pòl te voye chèche lidèchip legliz ki te etabli nan Efèz la, li te “rele ansyen legliz la vin jwenn li” (Travay 20:17). Li pa t rele “ansyen an” oswa “pastè a.”

Enstriksyon pou Moun k ap Plante Legliz: Enstriksyon Pòl bay delege apostolik li yo te konsistan. Li di Tit li te kite l nan Krèt pou l “mete yon gwoup ansyen nan chak vil” (Tit 1:5). Yon lòt fwa ankò, modèl la se plizyè lidè pou chak kò lokal.

Salitasyon nan Legliz: Lèt Pòl bay Filipyen yo adrese “ak tout sen yo nan Kris Jezi ki nan vil Filip, ansanm ak siveyan yo ak dyak yo” (Filipyen 1:1). Mo “siveyan” yo (episkopoi) an pliryèl.

Egzòtasyon Pastoral: Pyè adrese lidè legliz yo non pa kòm yon sèl pastè, men kòm yon gwoup: “M’ap ankouraje ansyen ki nan mitan nou yo… pran swen twoupo Bondye ki nan mitan nou an” (1 Pyè 5:1-2).

Prèv biblik la klè: nòm pou yon legliz lokal se pou yon ekip gason kalifye dirije l, anseye l, pran swen l, epi pwoteje l, pa yon sèl moun.

Poukisa Modèl sa a tèlman Difisil pou Aplike? Defi ak Rezon

Se anjeneral akòz yon konbinezon defi ki reyèl anpil. Men kèk egzanp:

Mank Gason Kalifye: Sa a se souvan defi ki pi enpòtan ak lejitim, sitou nan nouvo legliz ki fèk plante oswa nan zòn kote pa gen anpil prezans kretyen ki gen matirite. Kalifikasyon biblik pou yon ansyen (nou jwenn yo nan 1 Timote 3:1-7 ak Tit 1:6-9) wo anpil. Yon ansyen dwe gen konesans biblik, li dwe kapab anseye, jere pwòp kay li byen, epi karaktè li dwe san repwòch. Jwenn menm yon sèl gason ki ranpli kondisyon sa yo ka difisil, alewè pou yon gwoup.

Oto-prezèvasyon Pastè a (Yon Pwoblèm Kè): Sa a se yon danje ki pi sibtil men ki reyèl anpil. Yon pastè ka, yon fason konsyan oswa enkonsyan, wè pataje pozisyon an kòm yon menas pou otorite li, sekirite li, oswa li ka reziste gwo nivo rann kont ak vilnerabilite ki vini lè w ap dirije ansanm ak lòt gason ki ka wè feblès ou yo.

Mank Entansyon (Yon Echèk Estratejik): Sa a se petèt rezon ki pi kouran an. Anpil pastè dakò ak teyoloji plizyè ansyen men yo senpleman pa entansyonèl nan reyalize li. Travay ijan tankou predikasyon ak administrasyon ka fasilman pouse travay alontèm e difisil pou fòme ansyen potansyèl yo sou kote. Anpil moun pa janm aprann yon pwosesis klè pou idantifye, fòme, ak apwouve nouvo lidè nan kongregasyon an.

Pwa Tradisyon ak Kilti: Pafwa, pi gwo obstak la se kilti legliz la li menm. Anpil denominasyon ak tradisyon legliz te fonksyone pandan jenerasyon oswa menm syèk ak yon modèl “pastè prensipal” oswa “yon sèl moun k ap fè tout bagay”. Tradisyon sa a ki byen anrasinen ka kreye yon atant nan kongregasyon an ke yon sèl moun ta dwe lidè prensipal la, sa ki fè li difisil pou entwodui yon estrikti lidèchip pataje, menm si li pi egzak biblikman. Inèsi kiltirèl sa a ka yon fòs pwisan ki anpeche yon retou nan modèl Nouvo Testaman an.

Sajès ki nan Plizyè Ansyen: Poukisa li Vo Lapèn pou Goumen pou li

Ministè ki mete aksan sou bon doktrin defann plizyè ansyen non sèlman paske li biblik, men paske se plan saj Bondye a pou sante, pwoteksyon, ak andirans legliz lokal la.

Benediksyon ki genyen nan Plizyè Ansyen:

Sajès Pataje: “Kote ki pa gen bon konsèy, yon pèp tonbe, men nan abondans konseye gen viktwa” (Pwovèb 11:14). Plizyè ansyen pote divès pèspektiv ak sajès nan desizyon pastoral difisil, sa ki pwoteje legliz la kont erè yon sèl lidè.

Chay Travay Pataje: Fado pou pran swen tout twoupo a twò lou pou yon sèl moun. Yon ekip ansyen ka pataje chay ansèyman, predikasyon, ak konsèy, sa ki pwoteje pastè prensipal la kont fatig.

Rann Kont ak Pwoteksyon: Yon ekip ansyen bay posibilite pou youn rann lòt kont, ankourajman, ak pwoteksyon kont erè doktrinal oswa echèk moral.

Yon Pi Bon Egzanp pou Twoupo a: Yon ekip ansyen k ap travay ansanm nan imilite, lanmou, ak soumisyon mityèl bay yon egzanp vivan ki gen anpil fòs sou kominote kretyen an pou rès legliz la imite.

Difikilte Pratik yo:

Kèk defi pratik ki dwe jere avèk gras ak sajès.

Pran Desizyon pi Lentman: Rive nan yon konsansis ka pran plis tan, men “lante” sa a se souvan yon pwoteksyon ki mennen nan rezilta ki pi saj e ki gen plis lapriyè.

Potansyèl pou Konfli: Dezakò yo inevitab. Yon gwoup ansyen ki an sante mande imilite, pasyans, ak yon angajman pou inite ki pi gran pase preferans endividyèl.

Konklizyon: Chemen pou N Ale Pi Devan

Solisyon pou pwoblèm yon sèl pastè a se pa bese nòm biblik pou ansyen yo, men se pou pastè ki la deja a fè fòmasyon lòt gason kalifye tounen yon pati prensipal ak ijan nan ministè li. Se pa yon bagay segondè; li esansyèl pou sante alontèm ak fidelite biblik legliz l ap dirije a. Sa mande entansyonalite: chèche aktivman gason ki fidèl, souvan envesti plizyè ane nan anseye ak fòme yo, epi fè Bondye konfyans ke L ap founi pou Legliz Li a pandan n ap travay fidèlman pou ekipe yo, men avèk konsyans ke sa ap mande pasyans, pèseverans ak lapriyè.

Premye Etap Pratik nan Direksyon Plizyè Ansyen

Pou yon pastè ki mande, “Kote pou m kòmanse?”, men kèk premye etap pratik:

Priyè epi Anseye: Kòmanse pa priye avèk fòs pou Bondye leve lidè nan mitan kongregasyon an. An menm tan, kòmanse anseye legliz ou a sou modèl biblik lidèchip la pou yo ka konprann epi pataje vizyon an.

Idantifye Potansyèl: Chèche gason ki deja montre kalite karaktè yon ansyen (fidelite, imilite, yon kè sèvitè), menm si yo poko gen tout konesans teyolojik la. Karaktè se fondasyon an. (Fè atansyon ak moun ki gen anpil konesans, men ki parese epi ki pa entansyonèl, oswa ki manke yon kè konpatisan ak imilite).

Envesti epi Fòme: Kòmanse yon ti gwoup ak lidè potansyèl sa yo. Li yon liv sou bon doktrin oswa sou lidèchip legliz ansanm. Envesti tan ou nan yo pèsonèlman, sèvi kòm modèl sou sa sa vle di pou w yon bèje.

Delege epi Teste: Delege responsablite tikal pa tikal pou teste fidelite yo ak don yo. Pèmèt kongregasyon an wè yo sèvi epi benefisye de lidèchip yo nan pi piti fason an premye.


Discover more from Biblical Christian Missionary

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

One Comment

  1. Rodelin SAINT-FLEUR

    Salitasyon fratènèl a tout angaje BCM yo, espesyalman a pwodiktè atik la pou bèl pwodiksyon sa a ki trete lidèchip ak plas ansyen yo nan legliz Jezikri a . Mwen menm, Pasteur Rodelin SAINT-FLEUR, mwen kwè ke ansyen yo jwe ròl preponderan nan ministè , mwen pa di yo endispansab, men eksperyans yo kapab ede legliz la pran desizyon ki korèk.
    Se pou Bondye kontinye beni BCMS nan tout sans, mwen envite nou tout k ap li kòmantè sa a pataje atik yo epi anseye yo legliz nou yo .