Pawòl Doub: Jijman Nou Fè Sou Monn Nan Lè Nou Sèvi ak Wout Li

Konsistans Nan Lafwa

“Dayè, kisa ki gade m pou m ta jije moun ki deyò yo? Se moun ki anndan yo nou dwe jije, pa vre? Se Bondye k ap jije moun ki deyò yo. Mete moun ki malfektè a deyò nan mitan nou.”

—1 Korentyen 5:12-13

Apòt Pòl di klèman sa legliz la dwe fè: Travay nou se pa jije moun ki pa nan legliz la. Kidonk, si nou vle gen konsistans nan fason n ap jije ak sa n ap konsome, nou dwe kòmanse ak moun ki anndan yo. Men, gen enstriksyon byen presi sou fason pou nou fè sa tou, n ap pale de sa nan yon ti moman.

Nou konnen kouman bagay yo ye sou rezo sosyal yo ak nan nouvèl yo: lè yon platfòm lage yon nouvo fim, yon mizik, oswa yon seri, genyen pwotestasyon oswa “boykot” ki kòmanse touswit. Konbyen nan nou ki sèvi ak platfòm tankou Netflix oswa Amazon (menm si nou konnen gen kontni ki manke respè pou Bondye oswa ki kont Kretyen yo), men nou tou senpleman deside pa gade move bagay yo epi n ap chwazi yon lòt bagay? E konbyen moun ki kenbe abònman sou platfòm tankou YouTube, Apple Music oswa Spotify, ki gen mizik ki peche, men tou ki gen bon mizik, mizik kretyen, ak mizik san pawòl (instrumental)? Bibliyotèk, libreri, lis la ka long. Èske nou konsistan?

Diskisyon an pa janm sou kontni peche ki genyen nan mond lan—byensir, nou kwè li pa bon, menm move, e nou pa renmen li ditou—men li sou kote nou mete limit nan lavi pa nou ak ki jan nou jije lòt moun.


Pwoblèm Doub Mezi a ak Sitiyasyon Monn Nan

Reyalite a se ke nan menm restoran yo, gen moun ki al sou bar la pou bwè jiskaske yo sou, men gen lòt ki al manje ak fanmi yo epi pran plezi yo pou glwa Bondye. Nan menm otèl yo, gen moun ki ap fè tout kalite move bagay kache, men gen lòt k ap jwi yon ti repo ak fanmi yo pou glwa Bondye.

Jijman ki pa Konsistan: Anpil Kretyen ap kondane piblikman yon kote, yon sèvis, oswa yon mizik ki ap fè buzz, men yo pa aplike menm règ sa a nan fason yo sèvi ak tan yo sou rezo sosyal oswa nan lòt defo yo genyen.

Lojik Evite Bagay Sèlman Yon Kote: Si ou menm ou gen konviksyon pèsonèl ou kont bwè alkòl, pa egzanp, èske ou dwe sispann al manje nan restoran pou tout tan, piske pifò kote ki sèvi manje vann alkòl tou?Byensir ke non, sa sonnen yon jan ridikil. Kòm yon moun ki gen tèt li sou zepòl li, ou ka tou senpleman al nan menm kote a epi chwazi yon lòt opsyon, tankou manje epi pran yon soda. Souvan, nou gen defò ak enkonsistans ki montre klèman.

E kisa nou ka di de sinema ki gen fim ki manke respè pou Bondye? Se vre gen trè move fim, men detanzantan gen yon bon fim ki soti ki apwopriye pou fanmi an. Nou ka deside ale, menmsi nou depanse lajan nou nan menm kote a, nou chwazi yon bagay ki pi bon, yon bagay ki an sante, e nou jwi moman an ak pitit nou yo.

Se vre ke anpil nan platfòm prèske tout moun ap itilize yo gen kontni ki gen amizman ki peche, mank de respè pou Bondye ak koripsyon. N ap viv nan yon mond ki fin gate, men Kretyen ki konnen Bib yo e ki konprann feblès moun pa dwe sezi devan sa. Epoutan, sou anpil nan menm platfòm sa yo, genyen kontni ki bèl e ki bay Bondye glwa, gen gwoup prive kote lòt kwayan konekte, aprann e yo edifye, plen frè ak sè ki renmen Senyè a, kote lòt moun ka pataje ak aprann youn nan men lòt nan yon fason ki te enposib nan tan pase pou glwa Bondye. Sou menm platfòm sa yo kote nou jwenn bagay ki pa edifyan, nou ka jwenn anpil kontni edikatif ak benefik ki pa peche tou. Li lè pou nou gen matirite epi reyalize enkonsistans nou yo. Paske, moun ki pèdi yo ka pèdi, men yo pa estipid. Yo menm tou yo ka wè enkonsistans yo, e souvan, moun ki gen anpil enkonsistans senpleman pèdi kredibilite nan je anpil moun. Lè nou pa konsistan nan lafwa nou konsa, sa ka gen yon enpak negatif sou temwayaj nou.

Moun ki nan mond lan se esklav peche yo (Jan 8:34; Women 6:16). Konduit yo se ekspresyon natirèl nati gate yo. Aplike lalwa Bondye a pou kondane yo se yon erè lojik, paske Labib di klèman ke travay nou se jije konduit moun ki di yo se kwayan, pa konduit moun ki pèdi yo (1 Korentyen 5:12-13). Yo deja anba jijman, e kòlè Bondye rete sou yo. Se sa nou pataje lè n ap preche Levanjil la, n ap avèti yo sou kòlè k ap vini an epi n ap ankouraje yo repanti pou yo mete konfyans yo nan Kris la. Men rès la, se pa travay nou, se yon bagay ki deja klè ke yo kondane, e jijman nou pa amelyore sitiyasyon yo menm. Men, m ap menm ale pi lwen: lè Pòl di pou nou pa jije moun ki deyò yo, sa a se nan kontèks disiplin legliz la pou manm legliz ki imoral nan 1 Korentyen 5, sa ki sijere ke menm responsabilite ak jijman lòt kwayan yo ta dwe nan kontèks legliz lokal la menm jan li ye nan tèks kote Pòl di pawòl sa yo. Èske nou ta dwe ap eseye fè disiplin legliz la sou moun ki pa menm manm kongregasyon pa nou? Mwen pa panse sa. Vrèman gen pi bon fason pou nou rachte tan an, frè m yo.


Prensip Biblik Pou Nou Sèvi ak Konsyans Nou (Women 14)

Nou wè ipokrizi lè nou kondane mwayen monn nan itilize, men nou sèvi ak yo ak yon jijman ki pa konsistan. Kesyon an se pa si mwayen an peche nan tèt li—souvan li pa peche, se bagay ki net—men se ak ki objektifnou sèvi avè l.

Netralite Mwayen yo: Bagay tankou lajan ak teknoloji, pa egzanp, se bagay net ki ka itilize pou peche oswa pou glwa Bondye. Si nou kòmanse jije baze sou senp prezans peche nan anviwònman an, sitiyasyon an vin enposib. Literalman, nou ta dwe mouri fizikman pou nou chape anba prezans peche a. Nou pa ka separe tèt nou ak mond lan konsa senpleman paske mond lan peche. Menm si w ta yon èrmit k ap viv nan yon gwòt nan dezè a, ou ta toujou gen pou w fè fas ak repanti pou dezi ak panse peche pa w. Kidonk, annou onèt, annou biblik epi ann eseye gen yon ti kras plis konsistans.

Lojik Itilite ak Edifikasyon: Ansèyman Pòl nan 1 Korentyen 10:23 gide nou: “Tout bagay pèmèt,” men se pa tout bagay ki itil. “Tout bagay pèmèt,” men se pa tout bagay ki bati. Sa vle di ke menmsi platfòm yo ka net, fason nou itilize yo dwe toujou chache sa ki edifyan, sa ki verite, ak sa ki merite lwanj (Filipyen 4:8).

Prensip Konsyans ak Inite (Women 14): Nou dwe aplike etik konsyans la. Sa ki se peche pou yon kwayan, paske konsyans li kondane li, se pa nesesèman peche pou yon lòt. Ansèyman kle Women 14 a se:

Pa kondane: Nou pa dwe meprize oswa jije yon frè ki gen yon konviksyon diferan de pa nou.

Pa enpoze: Konviksyon pèsonèl (ki pa kòmandman biblik dirèk) pa ka enpoze sou legliz la kòmsi se te Pawòl Bondye a.

Pa fè lòt moun bite: Nou dwe evite fè yon bagay ki pèmèt pou nou si li fè yon frè ki pi fèb bite.

Mwen pap janm bliye yon kòmantè yon frè ki rele Brain Tiura te fè pandan yon diskisyon an gwoup sou sijè sa a sa gen kèk ane. Li te di:

“Èske wout Wòm yo pa t pote lame Women yo k ap mache pou touye ak fè sa ki mal, e an menm tan, èske yo pa t pote evanjelis yo k ap pote Levanjil la?”

Nou ka itilize wout la, frè m yo, men ak yon objektif diferan pase moun ki pa konnen Kris la. An menm tanmenm platfòm yo ofri oswa genyen kontni nan yon lòt kategori oswa paj, ak lòt fòm amizman ki apwopriyepou fanmi an e ki kapab tou yon bon mwayen itil pou kominike, anseye ak bay Bondye glwa. Ann eseye gen plis konsistans pou dedomajman pou temwayaj nou.

Rezime a senp: Renmen Senyè a, obeyi l, renmen pwochen w, epi pa fè bagay ki kont Pawòl Li ak pwòp konsyans pa w. Si ou pa dakò ak kèk konviksyon lòt kwayan, sa pa grav. Ou pa Lespri Sen; donk ann eseye konsantre sou amelyore pwòp feblès nou, pwen avèg nou, ak enkonsistans nou pou dedomajman pou temwayaj nou ak pou glwa Bondye.


Discover more from Biblical Christian Missionary

Subscribe to get the latest posts sent to your email.