Sa Peyi Rich ak Peyi Pòv Dwe Aprann Youn nan Men Lòt
Lè ou fè trèzan ap sèvi kòm misyonè, ou kòmanse wè anpil bagay. Mwen wè kwayan nan peyi rich yo ki ka esplike trè byen gwo ansèyman Apot Pòl yo oswa ki ka fè yon bon etid sou yon tèks difisil nan Bib la, avèk yon bibliyotèk resous bò men yo. Men, mwen wè tou kijan yon kilti ki chita sou konfò ak panse pou tèt pa yo rann li difisil pou yo viv gwo konesans sa a nan imilite ak nan fè jès ki montre kè sansib, kote se yon tikal pousan nan kwayan sa yo ki menm oze pataje Levanjil la ak moun yo pa konnen.
Epi tou, mwen chita pale ak anpil frè ak sè nan peyi k ap devlope yo ki petèt pa t menm gen chans fini lekòl, alewè pou yo ta al nan seminè. Pou yo konprann gwo doktrin ki abstrè, sa konn difisil pou yo, akoz move sistèm edikasyon ak menm pwoblèm malnitrisyon ki afekte devlopman yo. Poutan, menm kwayan sa yo souvan viv levanjil la yon fason ki otantik anpil, ki fè ou sezi. Lè y ap bay, se pa yon bagay yo panse fè apre; se yon fason pou youn ede lòt siviv. Lè yo akeyi ou lakay yo, se pa yon bagay yo planifye; se yon reflèks. Petèt yo manke resous, men yo se mèt nan yon lafwa ki pratik, ki chita sou kominote, epi souvan, yo menm pale plizyè lang.
Natirèlman, sa se pa yon règ pou tout moun, men se obsèvasyon jeneral mwen fè nan zòn kote m ap sèvi yo, sitou pami moun ki vilnerab yo, epi toujou gen eksepsyon. Modèl sa yo montre divès fason moun viv ak eksprime lafwa yo, dapre kontèks kiltirèl ak ekonomik yo. Sa montre tou senpleman ke lafwa pran koulè tè kote li plante a, li pwodui diferan fwi nan diferan klima, e mwen kwè tout fwi sa yo gen anpil valè nan je Bondye.
Defi nan Fòmasyon Disip
Pou ministè a ak misyon yo, obsèvasyon sa yo montre enpòtans pou nou adapte apwòch nou selon kontèks ak bezwen espesifik moun n ap sèvi yo.
Nan anpil kote kote m fè ministè — nan zòn andeyò oswa nan zòn pòv ki pa gen resous — pafwa li trè difisil pou plizyè rezon. Lè moun manke edikasyon, resous, ak opòtinite, fòmasyon disip vin konplike anpil. Souvan, yo ka kwè nan Levanjil la epi resevwa Kris, men lè li rive pou fòmasyon an, li vin difisil paske yo pa konn li. Fòmasyon disip mande pou w li epi anseye yo tout sa Kris te kòmande. Yo ka kwè tout sa m di, men sa tris dèske yo pa ka li l pou tèt pa yo. Sa se yon risk ak yon danje pou yo tou, paske gen moun ki ka vini ak yon fo levanjil, tankou sa Mòmon oswa Temwen Jewova yo, epi yo ka twonpe yo fasilman paske yo pa ka li pou tèt pa yo sa Bib la di.
Ak menm gwoup moun sa yo, paske lavi yo souvan di, li pa difisil pou mande yo ale yon lòt kote pou preche levanjil la. Yo souvan pi dispoze pou sipòte chalè, swe, moustik ak danje pou yo fè yon etid biblik nan yon zòn andeyò oswa pou yo ale kèlkeswa kote sa nesesè pou pataje Kris la, menm nan kote ou pa t ap vle ale espre, si ou wè sa m vle di a.
Yon lòt bò, kwayan nan peyi rich yo souvan pa gen pwoblèm pou yo reyini pou yon etid biblik (depi li pa twò lwen oswa twò enkonvenyan). Yo ka renmen diskite sou Bib la pandan plizyè èdtan epi deba sou gwo konsèp teyolojik, koute prèch ak podcasts kretyen sou entènèt. Sepandan, lè li rive pou yo montre jenerozite oswa pou yo soti nan zòn konfò yo pou lafwa yo, sa vin tounen yon defi. Sa ka difisil pou kèk nan yo pou yo menm sipòte yon kote ki pa gen èkondisyone, pou yo manje manje yo pa abitye, oswa pou yo fè eksperyans bagay yo pa konn wè, odè yo pa konn pran, ak sansasyon ki etranj pou yo.
Malerezman, anpil nan yo gate, epi viv twò alèz pandan twò lontan ka fè moun ezite pran risk pou Kris la. Yo ka adopte yon vi ki plis santre sou tèt yo epi chèche lòt fason pou eksprime lafwa yo, olye yo anbrase metòd ki pratik, ki angajan epi ki pran tan. Anplis de sa, moun ki abitye ak lavi pwoteje ak konfòtab souvan rankontre difikilte lè yo soti nan anviwònman abitye yo. Yo ka tonbe malad fasil, lite pou aprann yon nouvo lang, oswa gen pwoblèm pou konprann diferan kilti ak fason moun wè lavi.
Li enpòtan pou nou note ke menm jan moun ki nan sèk sosyo-ekonomik privilejye nan premye mond lan ka gen difikilte pou konprann lavi andeyò ti wonn yo, moun nan peyi pòv ak peyi an devlòpman yo ka jwenn li difisil tou pou konprann konsèp ki depase eksperyans chak jou yo ak nòm kiltirèl yo.
Kijan Nou Ka Bati Pon an
Donk, kisa sa vle di pou nou? Li pa sifi pou nou senpleman konprann diferans sa yo; nou dwe travay aktivman pou nou bati yon pon ant yo.
Nan kontèks peyi rich yo, nou ka ankouraje kwayan yo pou yo angaje yo nan sèvis pratik ak misyon, pou ede yo fè eksperyans reyalite moun k ap viv nan sikonstans diferan yo. Sa ka gen ladan vwayaj misyonè kout tèm, sipòte misyonè finansyèman, oswa fè volontè nan legliz k ap sèvi kominote majinalize nan pwòp vil pa yo. Lè nou pale de vwayaj misyonè, li enpòtan pou nou defini sa nou vle di: se pa fòm popilè “touris kretyen” nou wè souvan jodi a, men pito yon apwòch biblik, ki pi pratik e ki gen yon objektif klè. Lè yo soti nan zòn konfò yo, yo ka devlope yon pi gwo konpreyansyon sou lafwa nan aksyon.
Nan peyi k ap devlope yo, nou ka envesti nan edikasyon ak devlopman resous, pou bay moun yo pouvwa pou yo grandi nan konpreyansyon teyolojik yo pandan y ap kenbe fondasyon solid lafwa pratik yo. Sa ka gen ladan bay aksè a Bib ak resous teyolojik, sipòte pwogram alfabetizasyon, oswa fè patenarya ak lidè lokal yo pou etabli sant fòmasyon. Lè nou ekipe yo ak konesans ak zouti, nou ka ede yo navige defi kontèks yo pandan y ap rete anrasinen nan lafwa yo.
Kounye a, an nou konsidere sa k ka rive si de gwoup sa yo travay ansanm. Legliz ki gen anpil mwayen nan peyi rich yo ka fè bagay etonan pou sipòte lidè ak legliz nan peyi pòv ak peyi an devlòpman yo. Lè yo fè patenarya ansanm pou glwa Bondye, yo ka konbine fòs yo pou yo gen yon gwo enpak. Patenarya sa a ka pran plizyè fòm. Pa egzanp, legliz nan peyi rich yo ka bay sipò finansye pou konstwi legliz oswa lekòl nan peyi k ap devlope yo. Yo ka voye ekip volontè kalifye pou fòme lidè lokal yo nan domèn tankou teyoloji, lidèchip, oswa konpetans pratik. Anplis de sa, yo ka fè patenarya ak legliz lokal yo pou bay resous tankou Bib, materyèl edikatif, oswa manje ak founiti medikal. Kalite kolaborasyon sa a, ki chita sou respè mityèl ak yon dezi pou wè wayòm Bondye a grandi, ka pote anpil fwi.
Alafen, yon apwòch ekilibre ki onore ni konesans ni pratik esansyèl pou yon ministè efikas ak kwasans nan Kris la. Lè nou rekonèt fòs ak feblès chak kontèks, nou ka travay pou nou rive gen yon konpreyansyon konplè sou lafwa ki depase baryè kiltirèl ak ekonomik.
Yon Apèl Pèsonèl pou Aksyon
Donk, kisa sa vle di pou nou chak? Kijan nou ka aplike ide sa yo nan pwòp lavi pa nou?
Kèlkeswa jan ou santi w kraze oswa ou pa pare — epi sonje, pa gen okenn sipè ewo nan wayòm Bondye a; menm misyonè ki gen plis eksperyans yo ak kwayan ki pi odasye yo gen pwòp lit ak ensekirite pèsonèl pa yo — ou dwe dispoze pou w fè yon pa avèk kouray, pou w soti nan zòn konfò w pou w pataje Kris la. Ou dwe dispoze pou w aprann plis de Li, mande Senyè a pou l ede w nan feblès ak lit ou yo, epi pou l ogmante lafwa w. Mande Senyè a pou l ba ou kouray ak lafwa pou glwa Kris la, avèk konviksyon ke L ap fè bagay etonan nan ou menm ak atravè ou menm pandan w ap fè pa nan obeyisans, pandan w sonje ke Li te pwomèt l ap toujou la avèk nou jouk sa kaba.
Discover more from Biblical Christian Missionary
Subscribe to get the latest posts sent to your email.

